Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon.

Gade chapit la Kopi




Tit 3:10
12 Referans Kwoze  

Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.


Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.


Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.


Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.


idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon


Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont.


Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.


k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.


Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.


Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite