Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
1 Wa 21:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?” 1998 Haïtienne Jezabèl, madanm li, vin bò kote l. Li mande l: — Sa ou genyen ou move konsa? Poukisa ou pa manje? |
Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?” Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”
Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)
Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.
Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.
Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”
Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.” Konsa, mwen te krent anpil.
Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?