Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Alò, Estè rele Atak, youn nan enik wa a te ba li pou sèvi li. Li voye l al chache konnen ki pwoblèm Madoche genyen rezon ki fè li derefize mete bon rad sou li.

Gade chapit la Kopi




Estè 4:5
10 Referans Kwoze  

Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,


Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.


Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée:


Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize.


Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a.


Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo.


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.


Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite