Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
1 Kwonik 17:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an. 1998 Haïtienne M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan. |
Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’”
Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David.
Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”
Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.