Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 10:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 pase pou l te al mande Senyè a sa. Se poutèt sa Senyè a te touye l, li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 10:14
18 Referans Kwoze  

Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.


Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a.


Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.


Boaz te fè Obed. Obed te fè Jesse,


Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè.


Pou sila ki remèt mal pou byen an, mal la p ap janm kite lakay li.


Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.


Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.


Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy.


Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”


Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm.


Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite