1 Kwonik 16:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Di: “Sove nou, O Bondye a delivrans nou an! Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen pa W la, pou nou trionfe nan lwanj Ou.” 1998 Haïtienne Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. |
O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen. Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.
Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.
Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.