Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon refleksyon pa David

1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.

2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.

3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.

4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans, ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje, epi ki pa rele Bondye?

5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.

6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite