1 Kwonik 16:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chante a SENYÈ a, tout latè! Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou. 1998 Haïtienne Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. |
Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”