Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 30:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.

Gade chapit la Kopi




Sòm 30:4
16 Referans Kwoze  

Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e bay remèsiman a non sen Li an.


Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”


Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.


Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.


Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


“Rasanble fidèl Mwen yo kote M, Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.


Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


“Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.


A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.


Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.


Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite