1 Kwonik 16:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, mèvèy Li yo ak jijman, ki sòti depi nan bouch Li, 1998 Haïtienne Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te sòti nan bouch li. |
Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.
“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.
O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”
Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”