Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 16:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Senyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 16:14
12 Referans Kwoze  

Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.


Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.


Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.


Paske se Li menm ki Bondye nou an. Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,


O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.


Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, mèvèy Li yo ak jijman, ki sòti depi nan bouch Li,


“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.


O desandan Israël, sèvitè Li yo, fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!


Sonje akò Li a pou tout tan, Pawòl ke Li te kòmande a mil jenerasyon yo,


“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite