menm tenèb la pa tenèb pou Ou, e fènwa a klere menm jan ak lajounen. Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
1 Jan 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou. 1998 Haïtienne Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. |
menm tenèb la pa tenèb pou Ou, e fènwa a klere menm jan ak lajounen. Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò, ni klate lalin a nan pou ba ou limyè; men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl e Bondye ou kon glwa ou.
Se Li menm ki revele sekre pwofond yo. Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, e se limyè a ki rete avè L.
E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.
Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.