Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 1:5
19 Referans Kwoze  

Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.


Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.


Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.


Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.”


P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.


Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt.


Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen.


Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite