Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Nenpòt ki kote lespri a pran l, li fese l atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pat kapab.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:18
16 Referans Kwoze  

Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”


Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.”


Poutan gen anpil lòt ki ta dwe fè pati wayòm nan, y ap jete yo deyò nan tenèb fènwa, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.”


An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre.


Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale.


Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”


Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li.


Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”


Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite