Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Yon nonm nan foul moun yo reponn li: — Mèt, mwen te mennen ti gason m lan ba ou. Li anba yon move lespri ki rann li bèbè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;

Gade chapit la Kopi




Mak 9:17
12 Referans Kwoze  

Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale.


Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo.


Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li.


Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non.


Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”


Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.


Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?”


Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”


Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”


Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa.


Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen.


Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite