Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Konsa, Jezi pran men nonm nan epi li sòti deyò vil la ak li. Apre sa, li krache nan je li, li mete men sou li epi li di l: “Èske ou wè kounye y a?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Jezi pran men avèg la, li mennen li soti nan bouk la. Li pran yon ti krache mete sou je avèg la. Apre sa, li poze men li sou tèt epi li mande li: — Eske ou wè kichòy?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”

Gade chapit la Kopi




Mak 8:23
12 Referans Kwoze  

Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”


Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan.


Nonm nan gade epi li di: “Wi mwen wè moun, men yo sanble ak pyebwa k ap mache.”


Jezi voye nonm nan retounen lakay li. Li di li: “Pa antre nan vil la.”


Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?”


Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas.


Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo, lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip. Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a, mwen te vire do ba yo.


M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite