Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Apre sa, y'ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l te manyen li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.

Gade chapit la Kopi




Mak 8:22
14 Referans Kwoze  

Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje.


Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.


Jezi touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve pou l sèvi Jezi manje.


Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri.


Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.”


Yo mennen ba li yon nonm paralize kat moun t ap pote.


Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l.


Tousuit apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo.


Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje.


Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida.


Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè.


Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite