Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 7:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:17
10 Referans Kwoze  

Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”


Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”


Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”


Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li.


Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje.


Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.


Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.


Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a?


Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite