Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:51 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

51 Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:51
14 Referans Kwoze  

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”


Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.


Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.


Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”


La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.


Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun.


Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”


Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite