Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:41
22 Referans Kwoze  

Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo.


Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo.


Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”


Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.”


Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.


Tout moun te manje vant deboutonnen.


Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri).


Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?” Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”


Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo.


Jezi pran senk (5) pen ak de (2) pwason yo. Li leve tèt li gade syèl la. Li di Bondye mèsi pou yo epi li kase yo. Li bay apot li yo pou pataje bay foul la.


Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen.


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.


Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi.


Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje.


Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.


Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye.


Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite