Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:36
11 Referans Kwoze  

Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”


Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”


Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l.


Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”


Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.”


Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.”


Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite