Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”

Gade chapit la Kopi




Mak 5:36
11 Referans Kwoze  

Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”


Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.


Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”


Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li.


Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.


Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”


Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”


Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite