Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:72 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

72 La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

72 Menm lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:72
15 Referans Kwoze  

Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.”


Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”


Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se kon sa yon kòk vin chante.


Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”


Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.” Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante.


Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.


Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite