Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l ale. Yo renmèt li bay Pilat.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:1
12 Referans Kwoze  

Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.


Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo.


Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite