Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:44 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo: — Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”

Gade chapit la Kopi




Mak 14:44
13 Referans Kwoze  

Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”


Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.


Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.


Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen.


Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa.


Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite