Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!” E disip Li yo te tande l.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:14
15 Referans Kwoze  

Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.


“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj.


Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”


Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.


Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife.


Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig.


Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo.


Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.


Moun k ap fè sa ki mal, y ap fè plis sa ki mal toujou. Moun ki pa pwòp pou Bondye ap vin pi mal. Moun k ap fè sa ki byen ap kontinye fè sa ki byen. Moun ki apa pou Bondye, y ap kontinye mete yo apa pou Bondye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite