Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:13
10 Referans Kwoze  

Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.


Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou.


Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.


Konsa, vin gen yon sakrifikatè k ap pase. Lè l wè nèg la, li pa kanpe pou ede l. Okontrè, li chankre kò l sou lòt bò chemen an, l ale fè wout li.


Konsa, Rit ale, li antre nan yon jaden. Li mache dèyè travayè yo, epi li ranmase grenn ki rete dèyè yo. San l pa rann kont, li te antre nan yon jaden Bowaz, fanmi Elimelèk la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite