Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: — Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!

Gade chapit la Kopi




Mak 10:24
28 Referans Kwoze  

Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”


Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”


Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan.


Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.


Li di yo: “Mesye m yo, nou pa gen anyen ki ka manje?” Yo reponn li: “Non.”


Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”


Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.


Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite