Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l la, li di yo: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:23
13 Referans Kwoze  

epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a.


An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.”


Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès.


Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.


Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li.


Lè Jezi wè jan nonm nan te nan lapenn poutèt sa l te di a, li di: “L ap difisil anpil wi pou moun rich yo antre nan Wayòm Bondye a.


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi.


Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo?


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Wi, Bondye va louvri Wayòm ki p ap fini an byen laj pou nou, Wayòm Jezikris, Sovè ak Senyè nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite