Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Li reponn Jezi: — Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:20
11 Referans Kwoze  

Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”


Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”


Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”


Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan.


Kanta zèl pou relijyon Jwif la, mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite