Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:19
16 Referans Kwoze  

Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon.


Ou konnen kòmandman Bondye yo: Pa fè adiltè; pa touye moun; pa vòlè; pa fè manti sou moun, onore papa ak manman w.”


Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.” Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”


Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.


Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di?


Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”


Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo.


Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè” a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.” Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite