Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Nan granmaten, byen bonè, li pat ankò fè klè, Jezi leve, li sòti li kite lavil la, l'al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:35
15 Referans Kwoze  

Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a.


Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa.


Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi.


Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.


Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye.


Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a.


Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.


Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.


Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.


Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite