Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pa t pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi. Li te chase anpil move lespri. Men, li pat kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:34
6 Referans Kwoze  

Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!”


Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.


Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite