Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 4:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbray sou tèt li, pou li ka santi l pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan.

Gade chapit la Kopi




Jonas 4:6
11 Referans Kwoze  

Jou sa a, Aman kite palè wayal la ak anpil kontantman. Men, lè li wè Madoche bò baryè palè wa a, touswit li vin an kolè paske Madoche pa t manifeste okenn siy respè oubyen perèz pou li lè l ap pase.


SENYÈ a menm chwazi yon gwo gwo pwason voye vin vale Jonas. Li te rete nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nuit.


Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv.


Men, nan demen maten byen bonè, Bondye voye yon vèmin vin manje pye maskriti a, epi pye maskriti a mouri.


Piga nou fè twòp chèlbè poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”


Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite