Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 4:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Jonas kite lavil la, l'ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonnèl, li chita nan lonbray anba tonnèl la, l'ap tann pou l wè sa ki pral rive nan lavil la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la.

Gade chapit la Kopi




Jonas 4:5
10 Referans Kwoze  

Maren yo te pè anpil. Konsa, chak moun t ap rele pwòp dye pa yo pou pote yo sekou. Pou anpeche bato a koule, yo jete chay yo nan lanmè pou fè l pi lejè. Pandan tan sa a, Jonas menm desann nan kal batiman an, li kouche epi dòmi pran l.


Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?”


SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite