Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.

Gade chapit la Kopi




Jonas 4:2
24 Referans Kwoze  

Men Jonas te pito pran wout pou l al kache lwen SENYÈ a, nan peyi Tasi. Lè li rive lavil Jope, li jwenn yon bato ki t ap pati, li peye vwayaj la epi li desann antre nan bato a pou l al mawon lwen SENYÈ a nan peyi Tasi.


Lè Bondye wè tout efò yo fè pou kite move zak yo t ap fè yo, li chanje lide l. Li pa detwi pèp la ankò paske li gen pitye pou yo.


Petèt, Bondye va chanje lide. Li p ap fache kont nou ankò. Konsa, nou p ap mouri.”


Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite