Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 3:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo.

Gade chapit la Kopi




Jonas 3:8
23 Referans Kwoze  

Lè sa a, maren yo priye SENYÈ a konsa: “SENYÈ, tanpri, pa ban nou pote chay lanmò yon nonm inosan. Tanpri, pa touye nou poutèt lanmò nonm sa a. Nou konnen ou se SENYÈ ki fè sa ou vle.”


Pandan l nan fon somèy, kaptenn bato a vin pantan sou li, epi li di l, “kisa! Ou ap dòmi!” Rele dye pa w la! Petèt l a tande priyè w epi l a delivre nou.


Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv.


Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.


Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo.


M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite