Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 3:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Tande pèp Niniv la te tande mesaj la, yo kwè nan pawòl Bondye a. Tout moun, grannèg kou malere, deside pou pa manje anyen. Yo mete rad dèy sou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo.

Gade chapit la Kopi




Jonas 3:5
21 Referans Kwoze  

Madoche te twouble anpil lè l tande tout sa ki te pase. Li chire rad sou li a epi li mete yon rad dèy sou li. Li jete pousyè tè sou tèt li epi li pran mache nan tout vil la, li t ap kriye byen fò.


Apre sa, wa a ansanm ak tout lòt gwo chèf ki nan vil Niniv la ekri yon kominike, yo voye l nan tout peyi a. Yo pase lòd sa pou tout moun respekte: “Se pou okenn moun ni okenn bèt vivan tankou bèf, kabrit ak mouton pa ni manje ni bwè.


Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.


Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.


Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a.


Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.”


Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre.


Noye te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè lè li te jwenn avètisman sou bagay ki pa t ko janm rive, li te pran l pou pawòl serye. Konsa li bati yon gwo bato pou sove fanmi li. Lafwa Noye te sèvi kondanasyon pou lemonn. Li antre nan kategori moun ki te jis devan Bondye gras ak lafwa li.


M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite