Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè Bondye wè tout efò yo fè pou kite move zak yo t ap fè yo, li chanje lide l. Li pa detwi pèp la ankò paske li gen pitye pou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

Gade chapit la Kopi




Jonas 3:10
18 Referans Kwoze  

Si ou ka fache kon sa pou yon plant, mwen menm tou, m ka gen pitye pou yon gran vil tankou Niniv ki genyen anpil moun ak zannimo k ap viv ladan l. Genyen plis pase sanven mil (120,000) moun nan vil sa a ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal.”


Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon.


Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.


Apre sa, li leve li tounen lakay papa l. Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite