Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 9:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi reponn yo: — Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li.

Gade chapit la Kopi




Jan 9:3
16 Referans Kwoze  

Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la.


Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.”


Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”


Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”


Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a.


Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.


Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite