Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 2:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a,

Gade chapit la Kopi




Jan 2:9
6 Referans Kwoze  

yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.


Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.


Lè l fin i, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.” Yo te fè sa l te di yo fè a.


Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad.


Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite