Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 2:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 li di li konsa: — Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 2:10
15 Referans Kwoze  

Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè.


Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou.


Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri.


Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman.


Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.


Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay kon sa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito.


Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit.


Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”


M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite