Jan 10:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase. Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. Gade chapit la1998 Haïtienne1 Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan. Gade chapit la |
Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.