Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase. Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 10:1
28 Referans Kwoze  

Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!


Mwen pa t voye pwofèt sila yo, men yo te kouri. Mwen pa t pale ak yo, men yo te fè pwofesi.


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo.


Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”


Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.


Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.


Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo,


Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.


Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.


Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite