Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 5:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.

Gade chapit la Kopi




Jak 5:17
7 Referans Kwoze  

M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a,


Men, Pyè fè l leve. Li di l: “Leve! Se yon senp moun mwen ye.”


Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di:


Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite