Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se yo menm tou k'ap pran non Bondye nou an pase nan tenten.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?

Gade chapit la Kopi




Jak 2:7
23 Referans Kwoze  

“Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent, l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.” (Non sa a vle di Bondye avèk nou).


Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”


Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou.


Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.


Konsa, tout lòt moun yo nan lemonn, tout moun lòt nasyon mwen chwazi pou pote non m yo, yo va deside swiv chemen Bondye. Se Senyè a ki di sa. Se li menm tou ki fè tout bagay sa yo.


M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Men si n ap soufri paske nou se kretyen, nou pa bezwen wont. Nou ta dwe di Bondye mèsi paske nou pote non kretyen.


L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.”


Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri: wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite