Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:8
23 Referans Kwoze  

Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?”


Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!”


Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt pa w.


Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!


Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!


Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.


Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.


Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”


Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a.


Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m kon sa nan soufrans mwen yo.


Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja.


Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.


Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète.


Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.


Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa.


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite