Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Men, m-pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l ou menm, paske ou vle fè li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:14
10 Referans Kwoze  

Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m.


Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre?


Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.


Kèlkeswa kantite nou bay, li akseptab si nou bay li ak tout kè nou epi selon mwayen nou. Pèsòn p ap mande nou pou bay sa nou pa genyen.


Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.


Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite