Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 M ta byen renmen kenbe l bò kote m, pou l te ka sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou bòn nouvèl la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:13
8 Referans Kwoze  

Mwen kontan pou m wè Estefanas, Fortinatis, ak Akayikis. Se vre nou pa la nan prezans mwen, men yo reprezante nou valableman.


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a.


Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.


Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.


Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an.


M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite