Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nan tout pwovens peyi ou la, w'a chwazi kèk enspektè ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. W'a mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:3
7 Referans Kwoze  

Lòt fwa yo t ap rasanble medam yo kay wa a, Madoche t ap travay kòm ofisyèl gouvènman an nan antre palè.


Apre sa, jenn fi ki va satisfè wa a pi plis la va vin rèn nan plas Vasti.” Wa a te wè se te yon bon lide, epi l fè sa kon sa vre.


Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite